Ayiti/Kriz
Pou yon moun vin premye minis kounye a, ou pa bezwen ayisyen natif natal epi pat janm renonse ak nasyonalite w, ou pa oblije gen kay an Ayiti, ni tou ou pa bezwen gen dechaj si w t ap jere lajan leta.
Selon yon desizyon Konsèy Prezidansyèl la. @nouvelliste
@JLMagazine1
1
290
Meteyorològ Rudy Victor bandi te kidnape 5 avril pase a, jwenn liberasyon l jodi lendi 8 avril 2024 la.
Se viktim nan li menm ki anonse nouvèl la sou kont X li @RudyMeteo
pandan l remèsye tout moun ki te rann liberasyon sa posib yon fason oubyen yon lòt. @JLMagazine1.
1
365
Ajan dwanye yo nan Kap Ayisyen sezi jounen vandredi 5 avril la, 12 fizi daso
14 9 mm, 999 katouch ladan yo: 638 kalib 2.56, 278 kalib 9 mm, 52 kalib 7.62 epi 36 kalib 40 ak 34 chajè. Selon otorite dwanye yo, yo jwenn zam ak minisyon sa anndan yon kontenè ki soti 0zEtazini🇺🇸.
208
Ayiti/Ensekirite
Duplan Joveny, yon ajan CIMO 27e pwomosyon tonbe anba bal bandi maten lendi 25 mas la nan zòn Kafou Vensan. Selon sendika #PHN @synapoha, viktim nan te abò yon machin prive ansanm ak plizyè lòt polisye pandan atak sila. 2 nan polisye yo soti blese. @JLMagazine1
1
215
Ex PM Claude Joseph denonse arestasyon Marcelin Myrtil «Arab»,
jodi lendi 12 fev a nan vil Okay aprè yon manda rale mennen vini lajistis Pòtoprens te mete dèyèl pou asosiyasyon malfektè ak ensite moun fè vyolans. Resp #EDE a kwè se Ariel Henry ki bay lòd mare militan politik la.
342
Ex PM Claude Joseph denonse arestasyon Marcelin Myrtil «Arab»,
jodi lendi 12 fev a nan vil Okay aprè yon manda rale mennen vini lajistis Pòtoprens te mete dèyèl pou asosiysasyon malfektè ak ensite moun fè vyolans. Resp #EDE a kwè se Ariel Henry ki bay lòd mare militan politik la.
321
Nan òdonans li rann sou demand an Habeas Corpus Avoka Cholzer Chancy yo, Dwayen Bernard Saint-Vil fè konnen li enkonpetan pou tande afè a. Li envite ansyen depite Ènri a al defann dwa l nan kabinè enstriksyon pito. Cholzer Chancy ap kontinye rete nan prizon. Sous @Radio_Metronome
200
Dosye Jovenel Moïse: Martine Moïse, Claude Joseph, Léon Charles,
Jeantel Joseph, Ardouin Zéphirin, Louis Gonzague Day epi Aschkard Joseph Pierre dwe jije devan tribinal kriminèl selon rekizitwa definitif CG #TPI Pòtoprens la, Elder Guillaume.
Kredi : @pro_infos @JLMagazine1
251
" N ap mande moun yo, yo mèt kraze peyi a. M ap ede yo refè l, depi Ariel kite tèt peyi a." Deklarasyon lidè PITIT DESSALINES lan, Jean Charles Moïse
nan tèt yon manifestasyon jodi lendi 29 janvye a nan vil Okap pou ekzije depa PM defakto @DrArielHenry.
@JLMagazine1
2
179
Apati jodi lendi 29 janvye 2024 la, okenn ajan #BSAP pa dwe sikile ni ak zam ni ak inifòm. Tout anplwaye #ANAP yo (Agence Nationale des Aires Protégeés) dwe ale anrejistre tèt yo nan biwo ministè @EnvironnementHT ki pi pwòch yo. Selon yon nòt @MCHaiti mete deyò. @JLMagazine1
122
Xavi anonse l ap kite tèt FC Barcelone nan finisman sezon an.
Xavi : « Nou rive nan yon kafou kote nou pa ka kase tèt tounen. Se moman pou gen chanjman ki fèt. Mwen panse li lè pou m lage pye m. Mwen pale ak konsèy administrasyon klèb la jodi a. Mwen prale 30 jen.»
@JLMagazine1
Selon @Radio_Metronome,
yon minis nan gouvènman defakto Ariel la, 2 ex minis ki te an fonksyon nan moman asasina Jovenel la ak yon manm nan fanmi Moïse la, se kèk potansyèl enkilpe nan kad dosye sa. Jij Wesser Voltaire ki gen manda l ki fini, ta dwe rann òdonans li pwochènman.
135
Ayiti/Koripsyon:
Non @martinejmoise nan yon lis plizyè moun jij Al Duniel Dimanch bay lòd pou jele kont bankè yo pou enkilpasyon yo nan dosye detounman materyèl #CNE. Selon @Radio_Metronome, ex 1è dam nan ta siyen (san tit/kalite) yon seri kontra pou pwogram karavān chanjman an.
1
138
Li posib pou Cholzer Chancy libere nan jou k ap vini yo. Avoka ex depite Ènri a entante yon aksyon an #Habéascorpus devan dwayen Bernard St Vil. Ministè piblik(reprezantan sosyetea) plede anfavè liberasyon enkilpe a. Pou kounyea, se dwayen an ki ka deside bay yon òd liberasyon.
122
Aprè #MegaStar Wyclef Jean se tou pa Atis Dieudonné Larose pou mande Ariel Henry kite pouvwa a. Nan yon videyo ki pibliye sou rezo sosyal yo, otè "Alo Lenbe" a kwè PM defakto a vle kreye yon gè sivil nan peyi a nan fòse kenbe pouvwa a alòske li pa regle anyen pou pèp ayisyen an.
Ayiti/Koripsyon/Arestasyon:
Ansyen depite Cholzer Chancy jwenn arestasyon l jodi lendi 22 janvye a, aprè odisyon l nan kad dosye detounman materyèl #CNE yo. Se jij Al Duniel Dimanch k ap enstui afè sila ki bay lòd pou fouke ex prezidan chanm bas la. Kredi foto @passioninfoplus
214
Ayiti/ ensekirite/Kwa dè Boukè:
Bandi ak zam touye ayè dimanch lan papa jèn mizisyen Clifford Dumé epi kidnape yon ti sè l. N ap siyale, yon ti kouzen atis la ki gen 12 lane resevwa plizyè bal nan kad atak sila. Clifford Dumé, se chanpyon 3e edisyon #ProduimQuartiers an 2019.
135























