Se yon rèv?
Ann gade chif ofisyèl AGD yo.
Resèt dwàn yo pase de 52.53 milya goud (2021-2022) a 139.94 milya goud (2025-2026). Sa vle di yo miltipliye pa 2.66 an 4 an (+166%), menm nan mitan kriz la.
Kote biwo a mache, lajan an rantre:
• Okap: 2.55 a 16.69 milya goud (×6.55)
• Miragwàn: 0.21 a 2.09 milya goud (×10.12)
• Sen Lwi di Sid: nouvo biwo depi 2025, li bay 1.99 milya goud an 2025-2026
Kote sekirite a tonbe, lajan an disparèt:
• Belade: 1,968.51 milyon goud (2022-2023) a 33.43 milyon goud (2025-2026), sa vle di -98%
• Malpas: 914.71 milyon goud (2021-2022) a 37.15 milyon goud (2023-2024), sa vle di -96%
• Tout fwontyè a: pati pa l nan resèt yo tonbe de 3.63% a 1.68%
Gen plis toujou:
• 81.26% resèt yo soti nan yon sèl pò, Pòtoprens.
• Amann yo reprezante sèlman 0.56% resèt yo.
• Dwa dwàn yo menm pase de 12.27 a 47.47 milya goud (×3.87).
Kidonk dedwanman dijital, jesyon risk, biwo modèn nan nouvo pò yo, fwontyè ki kontwole, transparans ak fòmasyon: sa se pa rèv. Se repons pou pwoblèm chif yo montre.
Dwàn lan deja montre sa l ka bay. Sa k manke se sekirite sou fwontyè yo, plis pò ki mache, ak bon jesyon.
Chif yo la pou tout moun verifye sou sit AGD a:
douane.gouv.ht/statistiques-…
@MsErline @JoMorency @etzeremile @groupementsoley
Si w gentan toujou li atik sa.
An pasan siw vle avanse konesans ou sou kesyon valè tranzaksyonel mw baw lien sa, konsa wap konn dwa w e kijan pou revandikel:
wcoomd.org/fr/topics/valuati…
Replying to @Jeffson96
Ki plan ki genyen lè on moun fin peye Epi on raketè Mande l on lòt kòb pou bal bagay li gentan fin peye pou li jwen lan ?
Mpa Di nou pap travay, m bezwen konnen ki plan kap genyen pou kanpe raketè
Kom ou mansyone se yon rev gade konbyen kob leta rive kolekte nan pò sid lan pandan pò sa paka menm pemet 2 bato debake.
Imajine w genyen yon politik piblik kap ranfose kapasite dwan lan e kapasite pò.
An pasan map profite diw pos mw yo baze sou konsta mw fe kom aktè nan espas lan men pa kom yon kap fe propagann pou yon politisyen.
Siw gentan toujou @etzeremile pale sou pò sid lan e wap konprann poukisa mw enterese ak program li an.
Li pa yon rev, li se yon fè.
Sous pou verifye:
AGD, rapò resèt jiyè a septanm 2026 (Direksyon Rechèch ak Estatistik)
AGD nan magazin OMD, jen 2026: mag.wcoomd.org/magazine/wco-…
Bank Mondyal, 2024: openknowledge.worldbank.org/…
Nasyonzini, S/2024/253: digitallibrary.un.org/record…
Nasyonzini, S/2024/704: documents.un.org/doc/undoc/g…
Nasyonzini, S/2025/597: ecoi.net/en/file/local/21318…
Nasyonzini, S/2026/706: docs.un.org/en/S/2026/706
ONU Info, 17 oktòb 2025: news.un.org/en/story/2025/10…
Le Nouvelliste, 27 avril 2025: lenouvelliste.com/en/article…
Le Nouvelliste, 26 me 2025: lenouvelliste.com/en/article…
Si w gentan al li rapo sa yo epi wap rive konprann si genyen yon politik piblik sou kesyon dwan konbyen dwa e taks yo ka rive ankese
RAPÒ YO LA. PWOBLÈM YO LA.
Pou eleksyon sa a: ki plan, ki vizyon sou kesyon dwàn Ayiti?
Paske dwàn dwe yon politik piblik. Se pa yon DG sèlman ki ka rezoud pwoblèm sa a.
Nan ane fiskal 2025-2026, dwàn lan ranmase 139,262,676,754 goud. Se 60% lajan taks Leta ranmase ki soti nan dwàn. Men rapò ofisyèl yo montre gwo twou nan sistèm nan:
1. Gang yo fè kamyon peye 15,000 a 30,000 goud pou chak kontenè nan premye baryè a (Nasyonzini, 2024).
2. Kèk enpòtatè sèvi ak gang pou fè anplwaye dwàn pè enspekte kontenè yo, konsa yo pa peye dwa yo (Nasyonzini, 2024).
3. Minis Finans lan di gang yo ranmase 60,000,000 a 75,000,000 dola chak ane nan rakèt sou kontenè yo (2025).
4. Gang yo te pran kontwòl pi gwo pwen fwontyè yo, tankou Malpas ak Belade (Nasyonzini, 2025).
5. Pa gen yon sèl gwo eskanè nan tout peyi a (Nasyonzini, 2025).
6. Tout fwontyè a bay sèlman 1.52% resèt dwàn yo (AGD, 2025-2026).
7. Amann pou fo deklarasyon ak sou-evalyasyon pa menm rive 0.1% resèt yo (AGD, 2025-2026).
8. Yon kontra 10 ane siyen an fevriye 2026 ak yon konpayi prive etranje k ap touche yon pati nan resèt dwàn yo (Nasyonzini, 2026).
Pwoblèm sa yo pi gwo pase yon DG. Fòk Polis la sekirize wout yo ak fwontyè a. Fòk Lajistis pouswiv fwod yo. Fòk Palman an vote lwa ak bidjè. Fòk Ministè Finans lan bay mwayen pou eskanè ak teknoloji.
Chak kandida dwe reponn:
- Kijan n ap reprann wout machandiz yo ak pwen fwontyè yo nan men gang yo?
- Konbyen eskanè, nan ki pò, e ak ki lajan?
- Kijan n ap konbat fo deklarasyon ak sou-evalyasyon?
- Ki kontwòl piblik ki pral genyen sou kontra 10 ane a?
- Ki plas dwàn lan genyen nan pwogram ekonomik ou?
Rapò yo la. Pwoblèm yo la. Nou bezwen yon plan.
Sous pou verifye:
AGD, rapò resèt jiyè a septanm 2026 (Direksyon Rechèch ak Estatistik)
AGD nan magazin OMD, jen 2026: mag.wcoomd.org/magazine/wco-…
Bank Mondyal, 2024: openknowledge.worldbank.org/…
Nasyonzini, S/2024/253: digitallibrary.un.org/record…
Nasyonzini, S/2024/704: documents.un.org/doc/undoc/g…
Nasyonzini, S/2025/597: ecoi.net/en/file/local/21318…
Nasyonzini, S/2026/706: docs.un.org/en/S/2026/706
ONU Info, 17 oktòb 2025: news.un.org/en/story/2025/10…
Le Nouvelliste, 27 avril 2025: lenouvelliste.com/en/article…
Le Nouvelliste, 26 me 2025: lenouvelliste.com/en/article…
#Ayiti #Dwàn #Eleksyon
LAJAN DWÀN LAN:
KOTE NOU YE, KOTE NOU KA RIVE
Se dwàn lan ki pi gwo sous lajan Leta ayisyen. Depi 2022-2023, chak ane li ranmase plis pase 100 milya goud. Men gen anpil lajan k ap pase anba bab nou toujou.
SA DWÀN LAN RANMASE
2025-2026: 139,939,060,000 goud
Tablo ofisyèl AGD a:
haitidocs.org/doc/agd-percep…
2024-2025: apeprè 125 milya goud
Gazette Haïti:
gazettehaiti.com/node/12868
2023-2024: 103,601,560,124 goud
Le Nouvelliste:
lenouvelliste.com/en/article…
2022-2023: 108,852,000,000 goud
Le Nouvelliste:
lenouvelliste.com/article/24…
NAN FWONTYÈ YO, SE TANKOU N AP POTE DLO NAN PANYEN
Men sa dènye rapò AGD a montre pou jiyè, out ak septanm 2026:
Wanament ranmase 463,500,000 goud.
Malpas ranmase 195,300,000 goud.
De biwo sa yo ansanm pa menm bay 2% tout lajan dwàn lan ranmase nan 3 mwa sa yo. Pò Pòtoprens li sèl bay prèske 80%.
Epoutan, biwo fwontyè yo ap travay san bon zouti, san enfrastrikti ki pou fè yo mache byen, e nan mitan ensekirite. Bank Mondyal rapòte menm ke gang yo mande kamyon yo lajan pou yo pase nan Malpas.
Dapre Bank Mondyal, Malpas te konn ranmase apeprè 300 milyon goud chak mwa. Jodi a, li pa menm rive la nan 3 mwa.
Rapò AGD jiyè-septanm 2026 (Vant Bèf Info):
vantbefinfo.com/haiti-econom…
Rapò Bank Mondyal 2024 (PDF):
documents1.worldbank.org/cur…
LÈ NOU SERE BOULON, SA BAY REZILTA
Nan ane 2022-2023, lè kontwòl la te sere, lajan dwàn lan te plis pase double. E sa te rive menm lè kantite kontenè ki t ap antre te bese plis pase mwatye.
Sous: menm rapò Bank Mondyal la.
KOTE NOU KA RIVE
Si nou bay fwontyè yo, pò yo ak ayewopò yo bon zouti ak bon kontwòl, dwàn lan ka ranmase pi plis toujou. Dapre kalkil mwen, li ka rive ant 205 ak 210 milya goud pa ane.
Lajan anplis sa a ka bati wout, pò, kouran ak lekòl.
Se yon kalkil mwen fè, se pa yon chif ofisyèl.
POU NOU KONNEN
Tout chif ki nan pòs sa a soti nan sous nou ka verifye. Pou kèk atik Le Nouvelliste, ou bezwen yon kont gratis pou li tout atik la.
Si w gen yon chif ki pi egzak, mete l nan kòmantè yo. M ap korije.
#Ayiti #Dwàn #AGD
@etzeremile @groupementsoley
@klibmapou @AbdonelD @walabre13
@nouvelliste @GazetteHaiti @MEFHaiti

Jeffson retweeted
#Solèy La Leve🗣️🗣️🗣️🗣️🗣️
Ou menm tou reveye w🗣️⚡️⚡️⚡️
Ann al chanje kou listwa🗣️🗣️🗣️
@etzeremile @AdoAdo02 @groupementsoley
Jeffson retweeted
Mwen deside SIPÒTE @etzeremile !!
🌞 ☀️ 🌞 ☀️
« KOUTE pou KONPRANN,
KONPRANN pou DESIDE,
DESIDE pou AJI,
AJI pou TRANSFÒME. »
— Etzer Émile
voteetzer.ht
Ki vizyon Gwoupman Solèy genyen? Yon Ayiti souvren, an sekirite, modèn ak pwodiktif.
5 aks, 8 prensip gouvènans, yon sèl objektif: rebati peyi a.
Vizyon ak prensip: gwoupmansoley.org/apropos
5 aks yo:
gwoupmansoley.org/notreproje…
@etzeremile @groupementsoley #Etzer2027
Anpil moun mande konbyen pati ki fòme Gwoupman Solèy. Repons lan: 13 pati politik, yon sèl gwoupman, yon sèl kandida.
Sous: gwoupmansoley.org/apropos
@etzeremile @groupementsoley #Etzer2027
Jeffson retweeted
Bonne chance, mon ami ! La nécessité d’un changement de paradigme dans notre patrie s’impose. Sois simple, prudent et rationnel, comme nous l’enseigne notre Seigneur et Sauveur, Jésus-Christ.
Mwen, Etzer Emile, anonse kandidati m pou pòs prezidan Repiblik Dayiti. M ap batay ak tout nanm mwen pou Ayiti n ap viv la ka sanble ak Ayiti nou reve a. Rejwenn mouvman chanjman an : voteetzer.ht
ANONS KANDIDATI POU PREZIDAN - ETZER EMILE
Mwen, Etzer Emile, anonse kandidati m pou pòs prezidan Repiblik Dayiti. M ap batay ak tout nanm mwen pou Ayiti n ap viv la ka sanble ak Ayiti nou reve a. Rejwenn mouvman chanjman an : voteetzer.ht
Pwogram @etzeremile la prevwa 30,000,000,000 dola, ki gen ladan l 15,000,000,000 pou enfrastrikti. Ki kote lajan sa a ap soti?
Dwàn se youn nan pi gwo sous revni Leta. Se poutèt sa li dwe nan kè pwogram nan.
Sous: voteetzer.ht/priorite/infras…
#Etzer2027 #GwoupmanSolèy
@etzeremile
@groupementsoley
Poukisa yon pwodui koute pi chè an Ayiti pase lòt kote nan rejyon an? Yon pati repons lan chita nan pò nou yo.
Pwogram @etzeremile prevwa pò ak ayewopò nan nivo estanda rejyonal, nan tout peyi a, pa sèlman Pòtoprens.
#Etzer2027 #GwoupmanSolèy
voteetzer.ht/priorite/infras…