Pinned Tweet
Mond èspirityèl la se pa yon jwèt! Kit ou kwè l ou pa, li enfliyanse w nan yon sans ou yon lòt.
Se souvan pa yon aza si w wè chak sa w fè anyen pa mache pou ou. Lajan paka rete nan men w, malgre w mete dedikasyon nan travay ou, rezilta yo pa vini. Demand ou yo pa gen janm gen swivi tandiske zafè lòt moun ap regle. Ou santi se tankou w t ap bwote dlo nan panye ki chaje twou.
Lè konsa fòk ou fè sa w dwe fè pou w retire kò w nan sa w ye an. Vrèsanblableman ou sibi yon anvoutman. Ou dwe swiv yon pwosesis dezanvoutman prese prese pou w ka met lòd nan dezòd.
Fòk ou panse l dabò avan w ka materyalize l. Tout aksyon pran nesans andedan kabòch tèt ou.
Sa vle di, fokis la pa dwe sou aksyon w ap poze yo men l dwe sou ki fason w ka met lòd nan lespri w.
Ranje panse w, fasone yo pou yo ka pran fòm kò yo se baz tout lòt bagay ki konekte a yo.
40
Pafwa nou dwe gen ase kouraj pou n di “f*ck it”, nou dwe bouke bay enèji n a moun k ap souse l san bay resipwosite. Nou dwe sispann fè sakrifis pou moun nou konnen ki pap fè l bak pou nou
Pa gen anyen mal nan sa si n deside bay tèt nou priyorite. Nou pa dwe santi n koupab si n kale je n pou n reklame sa yo dwe w. Si n pa leve pou defann dwa n kòmsadwa, pèsonn lòt moun pap fè sa nan plas nou.
87
Kèk Bagay Kontwovèsyal mwen kwè ladan yo:
Gen yon gè kont maskilinite
Feminism detwi esans ak nati fanm
Politisyen se maryonèt k ap travay pou yon elit ki pa kyè pou pèp
Rechofman klimatik se radòt
Gen ase richès pou tout moun sou latè viv byen, se avaris lòm ki kreye grangou ak povrete
Majorite vyann ak engredyan nan gwo chèn “fast food” yo pa natirèl, se pwazon pou kò
Se yon group reptilyen satanis k ap dirije lemond
Sistèm edikasyon yo nan majorite peyi plis fè endoktrinasyon olye yo bay enstriksyon
Majorite koze yo aprann nou nan listwa lemond (80%) se manti
93
M te pran plizyè semèn antre nan kokiy mwen, konsantre sou devlòpman pèsonèl, fè zanmi ak tèt mwen nan solitid m chwazi kreye. M remake nou pa vrèman gen bezwen anyen ki pa nan nou deja. Okenn bagay oswa pèsonn pap ka konplete n si n pa deja santi n konplè ak nou menm.
Lè n renmen tèt nou, n ap ka renmen lòt moun
Lè n respekte tèt nou, n ap bay lòt respè a san redi
Lè n konn ki mezi sakrifis ki kache dèyè ti moso siksè, nou p ap janm rayi moun ki fè siksè, okontrè y ap sèvi sous motivasyon pou n depase tèt nou e ale pi lwen.
3
113
Ou ka fè lajan, ou ka pèdi lajan e w ka refè lajan w te pèdi an ankò. Men depi w pèdi ti moso respè nan men yon moun ou sanlè pa janm jwenn li ankò.
Sa vle di depi yon moun derespekte w, pa janm kite jou an pase pou w pa regle kont ou avè l. Ou dwe gen zewo tolerans pou irespè paske l se yon atak dirèk kont entegrite pèsonalite w!
1
134
Si m ta di w vèsyon w ki entrepid, gèrye e konkeran nan rèv ou yo se ou menm li ye vrèman, w ap kwè m?
Nan rèv ou yo sibkonsyan w souvan revele pati nan ou ke w pè afiche an. Ou pa yon èt lineyè, ou chaje varyab ak konpleksite ki makonnen ak nyans ki fè w sa w ye jodia, yon sipleman kosmik sou fòm imanoyid.
113
Si pafwa w santi w èstipid, pran kouraj paske w pa pou kò w, gen plizyè milyon moun woke nan mond lan ki panse yon ti bebe andedan vant pa yon imen epi yon gason ki met yon wòb se yon fanm!
2
150
Pafwa ou bay pa paske w konnen y ap rann ou resipwosite a non, men ou fè sa paske bay la nan ou, se nan nati w sa ye menm pou w pataje sa w posede.
Men pafwa moun konn tèlman abize bonte w ak jenewozite w, yo fè w konn vle gen lide chanje sa w ye. Pa pran nan pyèj sa a zanmi, pa kite okenn vèditè ki pa vo anyen nan mond èspirityèl la fè w ipoteke kalite entrensèk linivè pwograme w avè l.
Kalite w yo se pati limyè ki nan ou an, pa kite okenn moun ni prensip materyalis fè w panse yo se feblès. Se envès la, kalite yo se fòs ou, se siyati kosmik ou, se yo k mounize w pou w pa tounen yon san kè.
2
153
Se yon bagay ki danjere anpil wi lè w vin twò konfòtab nan solitid ou. Lè konsa, nenpòt moun ki antre nan lavi w ki paka fè miyò pase silans ki deja konfòtab pou ou an, moun sa a p ap dire lontan nan lavi w.
3
163
Nan sikoloji gen sa yo rele “Spotlight effect”, sa l ye?
Ebyen se lè yon moun panse tout moun remake defo l oswa enpèfeksyon l yo. Men sa l souvan bliye, majorite moun deja chaje pwoblèm pa yo pou rezoud yo pa fokis vrèman nan chèche ti detay lakay zòt.
Ex: Antoinette maladwatman vide yon ti gout kafe bò tete goch li, mayo blan l te mete a vin gen yon ti tach koulè mawon fonse. Manmzèl tris, nan tèt li tout zanmi l yo pwal remake tach lan. Epoutan, manmzèl pase tout jounen lekòl la san pèsonn pa di l anyen. Tout senaryo l t ap imajine yo se te andedan tèt li sèlman paske lòt timoun yo fokis sou lòt koze ki pi enpòtan olye ti tach sou mayo.
3
172
Pafwa lè w chita ap reflechi ou reyalize imaj sa a ke w pwojte pou lòt yo gade an se jis yon karapas pou w pwoteje w. Se pa moun sa w ye vrèman, ou pa brital ni antipatik.
Moun “tough” yo panse w ye an se envès vrè pèsonalite w ki yon gwo kapon. Men nan yon mond ostil, ou oblije afiche imaj ki fè moun gen krentif ak respè sinon yo t ap pase w anba pye.
1
136
Lòt jou m tonbe sou yon videyo sou entènèt nan yon mikwo trotwa, yo poze yon dam yon kesyon tankou “Si l nan yon sitiyasyon ekstrèm, li gen chwa pou l sove mari l oswa bon zanmi l, kiyès li t ap sove?”
San okenn ezitasyon, manmzèl di l t ap sove zanmi an epi mari l ta demele gyèt li.
Videyo an vin viral, li rive jwenn mari an, misye pa yon “simp”
Li mande divòs!
Epi si w wè reyaksyon manmzèl aprè k ap pran pòz li pat serye!
Nan yon sitiyasyon parèy, mari an byen aji. Si w avèk yon moun fòk yonn veye sou enterè ak sekirite lòt. Fòk lòt moun nan vle byen pou ou epi kreye yon klima pou nou toude epanouyi. Si moun ki nan vi w lan pa kyè pou ou, li pa gen okenn itilite nan vi w, flanke tchanpan an deyò oswa lage cha a ou menm!
3
185
Pafwa nèg la rankontre yon fanm, yonn aprann konnen lòt epi yo vin damou. Nan pwosesis lan, fanm lan mande l pou l chanje fason l ye, nèg lan dakò paske l anvi fè fanm li plezi
Aprè yon tan, relasyon an vin sibi monotoni, alchimi an pa la ankò epi misye mennen envèstigasyon li trouve fanm lan twonpe l ak yon nèg ki egzakteman jan l te ye avan l te chanje pou manmzèl lan. Towo an ta toufe tèlman l fache!
Me sa n dwe konprann, ou dwe chanje pou tèt ou paske w vle sa, pa paske yon moun mande w sa. Lè w chanje pou yon fanm ou vin tounen yon vèsyon ki pa eksitan pou li ankò. Pa chanje pou fanm tande towo pran sa pou leson.
5
174
Pafwa ou ka chita reflechi epi reyalize pa gen yon grenn sikatris andedan kè w se lèdmi w ki koze yo men yo tout se fri trayizon seri moun ou te panse k renmen w.
2
143
Gason bezwen fanm. Fanm bezwen gason. Pa okipe okenn sistèm k ap alimante animozite ak resantiman ant 2 sèks yo. Yo la pou divize epi pou yo ka renye.
Lè fanm panse l nan gè ak gason, li izole tèt li, lè l ret tousèl li vin trè vilnerab, se sa sistèm nan ap chèche menm, yon opsyon fasil pou l etabli manipilasyon ak andoktrinasyon.
Lè gason paka “lead” lè l pèdi kreyativite l ak anvi pou l konkeri, li vin efemine e redwi tèt li a yon vèsyon temu fanm. Sistèm lan manipile l e menm fè l panse tout sa k natirèl nan li toksik.
Èske gason ka viv san fanm? WI!
Èske fanm ka viv san gason? WI!
Sijè a pat janm kiyès ki ka viv san kiyès? Men pito èske n miyò lè n amonize e chèche fè konplemantarite? Pa gen dout nan sa, lè 2 moun konprann lòt yon gason yon fanm e deside pou konstwi yon bagay ki pi gran pase yo, se objektif lavi a sa menm. Nan kosmogoni jideyo-kretyen, yo rapòte kreyatè a te di li pa bon pou lòm(gason) ret tousèl, se pou sa l kreye yon èt pou ede l, èt sa a se fanm. Granmèt la pi saj pase nou tout e l te gen rezon depi nan kòmansman.
3
207
Panse nou se sèl planèt kote lavi posib nan linivè, se gwo foli. Panse sivilizasyon imanoyid lan se sèl sa k egziste nan galaksi vwa lakte an se panse w ka trouve yon branch cheve sou yon plaj. Menm rèv n ap plede fè yo demontre n aklè nou enfiniman plis pase sa n panse n ye e gen plis pase sa n ka wè.
Mistè lavi se mezi bounda lèzòm. Koze èspirityèl se sa k revele kijan mond fizik e vizib lan pa kanpe sou anyen.
2
187
Nan zèv li ki rele “Le discours de la méthode”
Filozòf Fransè René Descartes te di yon Fraz ki rete selèb
“Je pense donc je suis”
Kisa l te vle di nan fraz sa a?
Sa vle di, menm si ou gen dout sou tout bagay ki bò kote w, se lefè menm w ap doute a ki pwouve gen yon lespri k ap panse ki egziste pou l kapab doute.
Pwosesis dout la elimine yon kèlkonk “nonegzistans” paske w paka doute san w pa gen lojisyèl dout la ki enstale pwosesis sa a nan ou.
Konya, èske n dwe doute sou tout bagay oswa n dwe gen limit? M paka reponn kesyon sa a. Sèl sa m ka di, ou dwe doute de pwòp tèt ou ki gen dout. Èske se vrèman ou k ap doute an oswa yon avata w ap doute nan plas ou epi l ba w sansasyon se ou k ap fè l pou kò w?
Si se ou ki vrèman ap doute ak otonomi w e volonte w, poukisa w paka kontrole “flow” panse w? Poukisa w paka antisipe yon panse oswa triye nan yo? Si w pa gen pouvwa chwazi sa w ap panse oswa doute, èske w ka di vrèman se ou menm k ap poze aksyon an?
2
207
Ou nwa avan w kretyen
Ou Ayisyen avan w kretyen
Sa vle di kisa?
Sa vle di etnisite w, ras ou ak nasyonalite w dwe defini idantite w avan kwayans ou
Sa vle di tou kilti peyi w pa dwe yon bagay ou majinalize pou w fè moun relijyon plezi
Kisa k mal nan sa si yon moun renmen danse bèl kout tanbou e pran plezi nan yon bon anbyans band a pye? Komsi santi w makonnen ak eritaj mizikal ansestral ou gentan fè w manke kretyen pou sa?
Ou ka al nan mès oswa legliz ak yon karabela, anyen pa deranje
Anbwase kilti w paske l se idantite w. Ou ka gen plizyè kris, yon kris kòm ewo nasyonal Dessalines epi Jezikris kòm sovè nan sans salvasyon pou padon peche daprè kosmogoni jideyo-kretyen.
1
223
Se vre relasyon manmzèl ladan l lan li manke epanouyi, li pa jwenn afeksyon ak eksitasyon l ap chèche an. Men fòk ou konprann li deja envèsti tout jenès li konstwi vi sa a, li gen pitit e l gen mari. Se vre li ka toujou swete jwenn miyò men sa l genyen konya a pa pi mal pase sa.
Tande non towo, si fanm sa a rive sou ou fizikman, si l fè san w mache, met gason sou ou rive sou li an gran jan. Di l sa w gen nan kè w pou li, si l vle ba w goute bonbon an l ap fè sa men pa frenk fè l damou si w konnen ou pap ka ofri l sa l ap chèche an.
Pa fè l pèdi tèt epi w konnen aprè ou pap serye e ni w pap ede l asime aksyon l yo. Pa ofri l syèl si w pap menm ka fè l monte sitadèl. Ou dwe aji ak matirite patizan, pa kite yon ti moman foli lakoz ou detwi tout yon vi. Lè sa a menm karma p ap ase pou w peye.
3
247
