🖤Fok Souf Ou Long 🤎 retweeted
Sèl grenn tiktoker nan gran fanmi an ki pat janm aksepte kado nan men chèf gang ti lapli
🖤Fok Souf Ou Long 🤎 retweeted
Replying to @nayibbukele
@nayibbukele Papou nou pa tande w non?!🥹🫶🏾
Nou konnen moman an difisil. Kondoleyans ak ou epi ak fanmi sòlda ki tonbe nan aksidan eksplozyon an.
Nou pat janm swete pou sibi pèt nan vinn ede nou, men nou konnen nan lavi aksidan ak enprevi ka rive.😥
Pa dekouraje ak nou souple. Batay sa se Bondye ki voye w fè l pou libere yon pèp k ap soufri anpil anba gang.🙏🏾
Nou pa gen mo pou di w mèsi pou èd ou. Lavi ak Listwa gen pou remèsye w pi byen pou nou yon jou.💜
🖤Fok Souf Ou Long 🤎 retweeted
🖤🕊️🖤🕊️🖤🕊️
Mwen voye kondoleyans mwen bay fanmi
Daniel Santos Palacios,
Wilber Manuel Serrano,
Emerson Zelada Guerra
epi bay tout pèp Salvadò a.
Nou pap janm bliye sakrifis twa vanyan sòlda sa yo ki pèdi lavi yo lakay nou pandan yo t ap ede n retabli lapè.
Mèsi pou solidarite nou🙏🏻
Repoze anpè🇸🇻🕊️
Vinieron como aliados, cayeron como héroes y vivirán para siempre en la memoria de Haití. Honor y gloria eternos🕊️.
#🇭🇹🇸🇻
@FUERZARMADASV
#MisyonBukele
🖤Fok Souf Ou Long 🤎 retweeted
Joven Haitiano Explica:
Que Los miembros de las banda haitiana los 400 Mawozo y los grandes jefes se fueron a esconder a Mirebalais y Saut-d'Eau Haití.
Y muchos inocentes también están sufriendo en esas zonas.
🖤Fok Souf Ou Long 🤎 retweeted
Jistis pa gen dat dekspirasyon.
Lanati toujou fè l rive nan moman mechan an pi konfòtab.
Mwen kwè nan lanati, Granmoun yo toujou di pa prese, kelkeswa jan kou a fè w mal.
Ti pa Ti pa! San nou sanble pap koule pou granmesi ti mesye.🙏🏾💜
“ Men, mwen vle pou nou menm, chèf gang yo, konprann yon bagay byen klè: atak jodi a pa anyen devan sa k ap vini si nou pa remèt toule kat otaj yo vivan.
Epi pa pran pawòl nou yo pou menas san fondman. Nou deja fini ak gang yo nan El Salvador, e nou kapab fini ak nou tou.”
Youn nan pi gwo pòs ki fèt sou X😌🔥
Pou chèf gang yo ak manm gang yo k ap kenbe kat konpatriyòt nou yo an otaj ann Ayiti:
Mesye nou kidnape yo pa konbatan. Yo se teknisyen nan domèn avyasyon ki fè pati misyon nou ann Ayiti, nan kad yon misyon entènasyonal. Misyon nou an gen sèlman pilòt ak pèsonèl teknik, ki gen kòm travay prensipal fè evakyasyon medikal epi sove lavi moun, pa fè lagè.
Men, nou te kidnape yo yon fason lach pandan yo t ap retounen apre yo te fin achte manje nan yon makèt nan zòn nan.
Se poutèt sa, jodi a nou te lanse yon operasyon militè pou pote yo sekou. Nou gen yon sèl objektif: fè kat konpatriyòt nou yo retounen lakay yo vivan, san okenn mal.
Men, mwen vle pou nou menm, chèf gang yo, konprann yon bagay byen klè: atak jodi a pa anyen devan sa k ap vini si nou pa remèt toule kat otaj yo vivan.
Epi pa pran pawòl nou yo pou menas san fondman. Nou deja fini ak gang yo nan El Salvador, e nou kapab fini ak nou tou.
Nou toujou gen tan pou evite sa.
Remèt nou kat konpatriyòt nou yo vivan, san okenn mal, epi tout bagay ap retounen jan sa te ye anvan kidnaping lan.
Desizyon an nan men nou.
🖤Fok Souf Ou Long 🤎 retweeted
Mwen pa t janm atann yon bagay konsa.
Mwen tande nou byen fò, byen klè.
Mwen renmen nou tou.
N ap triyonfe. Bondye ap ban nou laviktwa.
🖤Fok Souf Ou Long 🤎 retweeted
Kijan yon bann politisyen k ap manje lajan taks sitwayen fè te alèz dòmi ak leve sou pouvwa pandan bandi t ap kraze peyi a konsa???
Apre plis ke 3 lane, gade kijan n ap redekouvri peyi nou.💔
Gad sa bò Katedral tounen?💔
Bandi yo gen gwo kay ak pisin pandan se konsa yo redwi zòn popilasyon an t ap viv. Leta ap banbile pandan se konsa lavi te fini anba lavil.💔
Imaj sa yo ke nou resi wè apre pil tan sa yo dwe fèn konprann nou pa dwe negosye ak bandi. Yon gwoup nèg ak zam ki kraze pwòp peyi yo nan eta sa paka jwenn chans viv ladan l sou ankenn baz ankò.
🖤Fok Souf Ou Long 🤎 retweeted
300 milyon dola ki te vòlè pa rejim Duvalier a.
Anh se pou sa madanm lan toujou gen nostalji lè l ap twit isi a. 🤔
#Tv5monde
🖤Fok Souf Ou Long 🤎 retweeted
Pou moun ki pa konnen. Bout patat ak mayo nwa sa se “Enspektè Tèt Kale”.
Se li ki te rache demwazèl la tou vivan nan videyo ki t ap sikile sou facebook la.
Yon nèg k ap rache moun tou vivan epi ki fyè de aksyon l nan pwen pou l anrejistre l ak lage l sou rezo sosyo, son w kriminèl ki dwe pami premye bandi yo pran.
🎯
#Haiti 🇭🇹: Gang members affiliated with the “400 Mawozo” posted a new video during the ongoing clashes.
Gang members are carrying what seems to be an M16A1 (Colt 603) pattern rifle —refurbished with several newer parts— and a Glock with extended mag.
🖤Fok Souf Ou Long 🤎 retweeted
Nan kad akò bilateral ki genyen ant gouvènman Ayiti ak gouvènman Salvadò a, yon operasyon konjwen ki te reyini Polis Nasyonal Dayiti, Fòs Lame Dayiti (FAd’H), Task Force la, ak Fòs Espesyal Salvadò yo reyisi pran kontwòl Estad Sylvio Cator a epi mete l an sekirite. Pandan operasyon an, nou te dekouvri plizyè zo tèt moun anndan estad la.
Kounye a, nou pral tabli yon baz operasyonèl nan estad la pou n ka kontinye avanse pi fon nan teritwa gang yo kontwole.
Kounye a, se nou ki gen avantaj sou teren an.
Mwen mande tout manm gang yo avèk anpil fèmte pou yo kite zòn nan anvan ofansiv la kòmanse.
Moun ki chwazi rete pou konbat fòs nou yo ap oblije sibi konsekans yo.

























