Pinned Tweet
Sometimes you apologize not because you are at fault but because it makes it easier to move on #selfcare
J.A.C.Q.U.E.S retweeted
👋 👋 👋 👋 👋 👋 👋 👋 👋 👋 👋
Bonjou lepèp,
Tout moun t ap pale de pwogram pati politik, pwogram kandida… Tout moun t ap frape lestomak yo, tout moun te gen pwogram! 😂
Antouka, verite a devan je nou! Jiskaprezan, se yon sèl kandida ki mete yon pwogram sou tab la, ak done konkrè pou n analize, diskite ak kritike.
Kesyon STP ::
Men, se pa nou menm ki t ap di kandida sa a pa gen ekip la? 🤔
Donk, èske se poukont li li fè tout travay sa yo? 😆
Ann debat sou lide, sou done ak sou pwogram, olye nou fè bri! 🇭🇹
"""
KOUTE pou KONPRANN,
KONPRANN pou DESIDE,
DESIDE pou AJI,
AJI pou TRANSFÒME.
"""
Dixit : @etzeremile - Etzer Émile
It created the python file; been running it for months.
I needed to add couple steps. Asked to analyze the sequence to make sure there’s no conflict.
The mfker found 3 bugs in something it created. That’s been working fine for months 🤣🤣🤣
Anpil bel pawòl
Anpil verite - moso.
Responsabilite yo anpil, chak moun kap pran ti moso.
Ou kreye aktè ak Bandi nan fim ou, fim ou se pou ou.
Men listwa pa gen gòm, li chaje kreyon, li chaje je. Vèsyon paw, vèsyon pam tout ap la. Se je ak lespri kap sèl jij
Pa gen lavi kounya, pa gen lavni non plis.
Nou pa konn sa kap gen apre Bukele, men prezans li bay anpil moun dyare, ni anwo ni anba
Leta ap refè lame d Ayiti, anbasad peyi « zanmi » Ayiti mete ansanm ak òganizasyon dwa moun epi politisyen kanpe an kwa. Yo pa dakò, yo fòse Leta fè bak. Yon inite nan lapolis la ki rele BOID deside kraze tout anbryon gang k ap fòme, anbasad peyi « zanmi » Ayiti ak òganizasyon dwa moun ekzije Leta kraze BOID sinon yo p ap bay PNH ankenn sipò. BOID oblije tounen payaya. San otorizasyon anbasad peyi « zanmi » Ayiti, chèf Leta Ayisyen an pa kab nome ankenn DG PNH.
Nèg politik ansanm ak oligak deside fè peyi lòk, yo mete zam nan men jenn fanm ak jenn gason pou tire sou lapolis lè y ap eseye retire barikad, fanm ansent te konn mouri devan barikad, òganizasyon dwa moun ansanm ak anbasad peyi « zanmi » Ayiti pa janm di yon mo. Radyo Zenith, vwazen chen mechan, limen flanm destriksyon peyi a. Yo fè #opérationBolivie
Zèfèyis nan 4 peyi planifye epi asasine Prezidan Jovenel Moïse, sèvis ransèyman tout peyi pwisan yo okouran yo pa di yon mo.
Apre asasina Jovenel, li t ap lojik pou òganize eleksyon tout swit nan peyi a, men anbasad peyi « zanmi » Ayiti yo pat dakò, yo te prefere yon tranzisyon long ak Ariel Henri. Yo te fè twit sou sa. Gang yo pran tout peyi a. Gang yo pran fòs, yo vyole fanm ak tifi, yo boule moun, yo manje vyann moun, yo kraze lopital, yo kraze lekòl, yo mete moun deyò lakay yo, òganizasyon dwa moun pa di anyen. #Bukele sèlman rive la a, nan de semèn òganizasyon gentan di yo vle defann dwa moun? Cherchez l’erreur. Si vous ne la trouvez pas, activez votre cerveau.
#ingérence #colonized #insecurite #Haiti #news #terrorism il
Pran tanw pouw aprann AI
@gohighlevel your system works
Got that mead 1:36 on a Sundag
By 2pm My AI (maya) had already talked to the customer and booked the appointment
J.A.C.Q.U.E.S retweeted
Kòm lèm di yon bagay nan Space isi a nou k panse se voye moute,eben men sam tap di avanyè a
Mwen lè map pale mwen fè analiz mwen avan
Pandan nap mennen mouvman se sonje enskri pou nou al vote.
J.A.C.Q.U.E.S retweeted
Pi gwo sèvis ou ka rann Ayiti nan moman an la se pran dispozisyon pou al vote. Fè sa tanpri. Prepare w. Soti deyè telefòn nan. Al enskri. Asire w ou itilize pouvwa sa byen pou chwazi kiyès k ap pwochen lidè peyi a pou pwochen lane k ap vini yo.
“ Menm si yon moun kopye l, se pou peyi a ou genyen l, se pa pou tèt ou.”
Se devwa an gwoup Cassendy? Se pa politik anko?
Men eleksyon yo an Jiyè
O fi e a mezi tout kesyon nou yo ap jwenn repons
M pa konprann lojik ap vini an.
Ayisyen dwe konnen egzakteman pou ki pou yo vote w. Yo paka jis vote w paske non w pa lonmen nan koripsyon. Sa pa yon bagay espesyal, sa te dwe nòm nan.
Epi si w gen yon pwogram pou PEYI a, etale l, epi defann li. Menm si yon moun kopye l, se pou peyi a ou genyen l, se pa pou tèt ou.
Kwè m, apre tout kandida poste pwogram yo, w ap wè se menm bagay.
Mw konprann
Men sa soulve yon sousi kopye kole tou 😒
Replying to @heizenheim
Jak di w pral bay 50 000 mil travay, double resèt dwàn, fòme tèl kantite polisye, bay 16 èdtan kouran pa yon pwogram. Tout moun ka di sa. Mateli te gen 30 000 kay sou dlo, tout timoun pral lekòl gratis. Jovenel ta pral bay peyizan travay ak kouran 24/24.
Yon pwogram politik dwe esplike kijan objektif sa yo pral reyalize, ak ki mwayen finansye, teknik, administratif ak enstitisyonèl. Li dwe presize ki resous ki disponib, ki kalandriye aplikasyon ki prevwa, ki enpak sosyal ak ekonomik li pral genyen, si li dirab, epi ki mekanis ki pral pèmèt popilasyon an kontwole rezilta yo.
Pa egzanp, si w di w pral kreye 50,000 djòb, fòk ou esplike nan ki sektè, atravè ki envestisman, ak ki sous finansman, epi kijan w pral mezire rezilta yo.
Sinon se de pwomès elektoral.
Pwogram lan senp e li chita sou 3 pilye:
Sekirite
Travay
Jistis Sosyal
@JoMorency @walabre13 @AbdonelD
@AdoAdo02 @AngelotStVil
Mpap pale nan non kanpay la
Men se 2 pwoblem ki dwe rezoud an tandèm
Pwogram @etzeremile lan di ke lap kreye 50,000 travay tanporè nan 100 premye jou
Rann kreyasyon biznis pi fasil. E atire envestisman etranje
Men envestisè a bezwen kouran. Biznis yo bezwen kouran.
Li pap otomatik, anpil chans ke Leta ap oblije pwogresivman mete e retire sibvansyon sou kouran pandan ke nivo lavi a ap ogmante.
Lap itil tou pou yo eksplore sistem prepeye a plis. Mezi lajanw mezi kouranw






















