Jude C. (@iam_JC1) header
Jude C. (@iam_JC1) profile picture

Facts-first on U.S. Politics | Examining how Diaspora can shape homeland politics & Development | Political Science & International Political Economy majors.

🇭🇹 🇺🇸 🇦🇺
Joined September 2016
Photo by Jude C. (@iam_JC1)Photo by Jude C. (@iam_JC1)Photo by Jude C. (@iam_JC1)Photo by Jude C. (@iam_JC1)Photo by Jude C. (@iam_JC1)Photo by Jude C. (@iam_JC1)Photo by Jude C. (@iam_JC1)Photo by Jude C. (@iam_JC1)
Thank you!
2
12
4,279
Lè Jedco konn vide Latrin nan Pòtoprens, Ki kote l konn al lage yo?
Nan 7300 sòlda ki pase yo, se 1280 Nepalè yo ki pa konn sa pou yo regle ak twalèt e ke se nan rivyè a pou yo lage yo? An gwo se fòt nou ki pa gen twalèt? Mesye oh
2
409
Si m vin lakay ou, twalèt kenbe m e w pa gen twalèt, se pa yon sachè w ap banm pou m degaje m? Pa bliye sa se reyalite anpil moun nan anpil zòn nan peyi a.
Kidonk se nou ki bay tèt nou kolera? Se pa sèl Ayiti nèg yo ka jis lage twalèt yo nan rivyè? Se pa Loni ki te voye yo?
1
241
Jude C. retweeted
Dyaspora Ayisyen yo fon poze sou Sendomeng al Salvador pito
1
1
3
208
Men yon thread mechan. Yon moun ke m respekte nan domèn politik e diplomatik.
#Haiti #Security 🧵: Bukele - Haïti - Washington: yon thread pou bay yon ti kontèks. Tou dabò, Prez. Bukele gen plizyè ane depi l ap mande pou ba l teste resèt li te genyen pou peyi li Èl Salvadò kont gang an Ayiti yo. Mobilizasyon dènye jou yo ak dènye mesaj Prezidan @nayibbukele pibliye a, li klè ke prezidan Salvadoryen an konte ale pi lwen ke jis al chèche 4 sòlda peyi li ki malerezman pèdi dimanch 18 oktòb la. E depi kèk jou tou, anpil kesyon ap poze, sipozisyon ap fèt. M panse se yon okazyon pou plase kèk bagay nan kontèks yo nan yon fason ki ka ede gen yon ide pi klè sou sa k ap desine a. Kijan sa te kòmanse? Kisa k chanje? Repons🧵👇
1
144
Depi CEP pa bay Martelly kanè, m ap nan tèt tout manifestasyon ki pou anpeche eleksyon an fèt. Paske depi misye la pran kanè e eleksyon fèt, l ap Prezidan. Epi tou, moun Okay yo, nou p ap bliye nou pou kraze brize nou te fè pou Martelly te vin Prezidan a non. Nou pa inosan!
1
6
372
United Nations Associations - Haiti se non òganizasyon sa ki gentan ekri ONI e di yo ke militè Salvador yo gentan touye pil inosan nan plèn nan. Pa bliye operasyon yo poko menm kòmanse. Si n vle nou ka kontakte responsab la nan email ki anba a pou n envite l nan X Space pou n poze l kesyon. [email protected]
77
Trump had a plan for healthcare in the U.S. since ACA was a disaster. He spent the first term saying he has a plan. He is still talking about it in the second term. Girl, you have no plan.
Many Haitians like myself have a plan, but I'm not going to share it with you. What I'll share, ALL foreigners needs to go. The US-UN illegal military base in Port-au-Prince needs to go. The borders needs to be closed. ONLY HAITIANS CAN KILL VIV ANSANM, and all the armed groups!
136
Ou pral remèsye Bukele paske l vin pran moun li yo epi ale?
Ou pèdi men w safe, mwen m pèdi, e m pa safe. Donk sispann ensinye de bagay jis paske m pa rejwenn ou sou yon seri pwen nan opinyon m. Sa w ap fè an danjere.
1
1
977
Kidonk ou pral remèsye Bukele paske l vin pran moun li epi ale??? Se vre m ka safe kote m ye a. Men m pa alèz. Lè gang yo te vin Montrouis, yo te atake lakay mwen. Sè m ak fanmi m ki te nan lakou a te oblije kite. Ti neve m anba 10 ane te nan kouri pou gang. Nou te envesti nan yon biznis Montrouis gang dechèpiye l. M ka safe men m pa alèz. M te gen ti aktivite Pòtoprens, gang fè m kouri kite yo. E malgre sa m se youn nan Ayisyen ki p ap janm bay Ayiti vag. Se pa paske m pa lage biznis mwen isit la ankò pou w panse m pa gen enterè Ayiti. E enterè m Ayiti p ap janm nan kanpe bó gang sou okenn pretèks.
Se la nou ye, chak jou ki pase mesaj yo pi klè. Epi se ou ki mechan paske kote w ye a ou safe ou alèz, mwen non. Men sa pa anpeche w ensinye bagay sou pòs mwen. Sa malsen!
1
1
5
1,532
“Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz.” E men m pati sa montre ke entansyon an se pa rejwenn 4 sòlda yo sèlman. Li vrèman enpòtan pou n aprann li ant liy yo an politik. Li mansyone ke y ap bay gang yo yon leson se sèlman akoz yo mete men sou 4 moun li yo men tou paske yo rann pèp Ayisyen an ap soufri e pa ka viv yon vi nòmal, lib, san laperèz.
« Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè. » W ap fè mechanste wi la. Si pati ki anlè a pa t nan pòs la, nou te ka ba w rezon. Men pati sa montre ak klè sa ki pa ekri nan pòs la ki sa se tou etabli yon klima lapè Ayiti. Ou panse misye ap atann Ayisyen remèsye l paske li jis vin pran 4 mesye l yo epi ale???
2
270
« Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè. » W ap fè mechanste wi la. Si pati ki anlè a pa t nan pòs la, nou te ka ba w rezon. Men pati sa montre ak klè sa ki pa ekri nan pòs la ki sa se tou etabli yon klima lapè Ayiti. Ou panse misye ap atann Ayisyen remèsye l paske li jis vin pran 4 mesye l yo epi ale???
Nan sa Bukele di an li klè se pa pwoblèm gang li vin rezoud, li vin rekipere solda li yo e bay yon leson, se pou sa li chaje l de 90% operasyon an. Si l ta reyisi, pa atann nou otomatikman li pral atake lòt baz, l ap rantre lakay li e si yo te vle l fè plis, se sèten ke lè sa se pa li ki pral finanse l. Salvador pa yon gwo peyi, li p ap k sipòte tout kou operasyon yo poukont li. Kidonk nou dwe klè sou sa pou n pa espere plis ke sa epi aprè pou n desi. #Haïti #Salvador #Bukele
2
2
8
2,050
RT @daphneydss: Pandan novanm nan , Kay komanse ap pentire Granmoun yo ap tann desanm pou y’al achte fou oubyen frijidè valeryo canez😂,cha…
1
29
Jude C. retweeted
ちょっとかっこいい感じのコーデだったのでかっこいい表情もがんばってみました✨
10/18 東京ボーイズ撮影会 東京スカイツリー周辺 いっせいくん その⑦ @1ssei_04 #東京ボーイズ撮影会
2
22
425
Vòl sa ap kite San Salvador maten an pou rive Ayiti. Daprè enfo sou avyon an, se yon avyon Kado. Kidonk, l ap pote plis materyèl ke pèsonèl. Vòl sa se ap 10yèm vòl ki kite El Salvador pou antre Ayiti depi 25 Oktòb la nan kad operasyon an. NB: Nou pa konte vòl ki soti dirèk Etazini oubyen vòl ki ateri Sendomeng.
1
2
21
2,411
M ta renmen yon kenbe Barbeque vivan. M ta renmen l bay non tout Dyaspora ki konn peye l pou l al boule Kay yo a pou prèv azil yo. M t ap kontan rele ICE pou yo.
4
4
1
63
3,263
Haiti has an arm embargo since the early 90s.
Why didn't you first request an total arms embargo on the island, including Domican Republic? Why didn't you request the assistance of the UN to set a conference for Haiti which will gather everyone of influence so that haitians decide of their own governance?
1
1
263
“Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti.” Nan premye paragraf sa gen omwen 2 pwen nou dwe souliye. 1- Efektif: Bukele vle fè santi ke li rekonèt anplè batay la e li pa vini la sou emosyon (pou jis revanj). Men se yon bagay ki byen kalkile e ki pa ka fèt san efektif e materyèl nesesè yo. 2- Se pa yon Envazyon e Eksplwatasyon: Bukele vle santi tou ke li pa vin envade oubyen eksplwate nou e resous nou. Men pito vin ede nou batay e libere tèt nou kont gang yo. Sa fè m santi Bukele gen yon ide de tandans tout kouch sosyete a. Sa fè m santi ke li wè gen moun ki pou e kont, e li adrese l ak tout kouch yo.
Pèp ayisyen, Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti. Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz. Se prèske nou menm sèl k ap peye pou operasyon sa a. Menmsi nou resevwa yon ti èd lojistik nan men kèk lòt peyi, se ak pwòp ti kès nou n ap kouvri 90% nan depans yo. Sa koute nou chè, men nou te aprann nan pwòp soufrans nou: jistis ak lapè pa gen pri. Nou te pase nan menm soufrans Ayiti ap travèse jodi a. Nou te viv yon beny san ki te pi terib toujou pase sa pèp ayisyen an ap sibi kounye a. Nou konnen sa sa vle di: viv nan laperèz, pa fè politisyen konfyans, pa kwè okenn moun ki pwomèt l ap ede w. Paske pèsonn pa t vin ede nou, e moun ki te vini yo pa t gen bon entansyon nan kè yo. Men nou te rive chape anba sa. Apre 200 lane soufrans, finalman n ap viv nan lapè, e jodi a nou se peyi ki gen plis sekirite sou kontinan an. Nou pa vin ann Ayiti pou nou touche lajan, paske pèsonn pa peye nou pou sa. Nou vin ann Ayiti pou nou goumen kont mechan yo. Men sa m ap mande nou: fè nou konfyans, lapriyè sèl vrè Bondye a, epi mande L pou L geri Ayiti. “Lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.” 2 Kwonik 7:14 Ede nou ede Ayiti. Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè.
142
Sa w di a te ka posib men pa bliye kanal la pataje ant Ayiti ak Kiba. Kidonk, ta dwe gen checkpoint ni sou literal Ayiti a (Mòl Sen Nikola) e ni soups Kiba a (Punta de Maisi). Pou Ayiti, n ap bezwen estabilite sekiritè pou sa fèt. Oubyen gwo bout tonton marketing pou fè konnen Mòl Sen Nikola pa Pòtoprens. Pou Kiba, pa bliye koze anbago a e genyen yon 180 jou restriksyon pou tout bato ki tcheke Kiba debake Etazini. Lòt aspè ki dwe gade a e se sa ki pi enpòtan an se koze tranbleman de tè ak potansyèl tsounami. Plat tektonik kote Ayiti e Kiba chita a se yon plat aktif. Kidonk a nenpòt moman ka gen tranbleman de tè e tsounami. Sa se yon gwo risk pou tip envestisman sa yo. Epi paske ni Ayiti e ni Kiba pa gen ase lajan pou tip envestisman sa, li t ap bezwen depann de patnèchip piblik-prive oubyen voye je vè Lachin. Wout Chin nan pral debouche sou lòt pwoblèm ankò ki se pwoblèm jewopolitik. Resaman pandan Trump montes a te gen yon ti konfli jewopolitik ant Panama, Etazini ak Lachin paske se te Lachin ki t ap opere Panamax. Si tout bagay a yo te ka jere oubyen minimize, se t ap yon gwo kou ekonomik pou ji Ayiti ak Kiba.
Nou wè "KANAL DI VAN",Ayiti ka gen ant 80 jiska 400 Milyon dola vèt kòm revni anyèl posib. Si nou envesti nan yon "Deep Water Port",ofri sèvis maritim entènasyonal.San bliye tou devlopman zòn endistriyèl ak lojistik nan Mòl SenNikola a. Se pa yon Pwojè Dominiken ap renmen ditou.
290
Jan Bukele di l, kesyon sekirite se volonte ki pou genyen. Si gen volonte, kesyon efektif la ap jere san gwo pwoblèm. Atik 268 Konstitisyon 1987 la di ke li obligatwa pou tout gason ki gen 18 an ak plis sèvi nan lame. Lè lame a t ap kraze an 1994, yo te dwe dirije sèvis vè Lapolis men sa pa t fèt. E kounya men nou gen yon lame k ap remonte. Nou te ka gen fokis la. Kòm m poko gentan li pwojè Konstitisyon ki genyen an la, m pa konn si yo retire atik sa oubyen modifye l. Men si n ap baze sou sa 87 la gen pwovizyon pou efektif. Lòt bagay ki enpòtan m panse ki ta dwe fèt se desantralize akademi polis la. Omwen chak Depatman ta dwe gen yon akademi pou fòme nouvo manm lapolis la. Volonte ki pou genyen.
FOUTOUBOUTOU! Fwenk! 🤣🤣🤣🤣 Nou te di sa Depi lontan, bagay la se efektif nou bezwen. Gade jan poko gen operasyon serye sou teren an, men efektif ak materyèl yo ou wè a, ou gen yon ti kras Lespwa toujou! Sa sèlman ka destabilize gang yo e ranfòse fòs lòd yo!
1
5
462
Y ap ekri w?? 😂
People make time for what they truly value. If you matter to someone, you won’t always have to wonder where you stand. ✨🫶🏽
1
104