Hyppolite Nathanael (@lemodel9) header
Hyppolite Nathanael (@lemodel9) profile picture

Je ne suis pas parfait mais je suis moi.#TeamBresil #TeamNegOkay #HalaMadrid #K-Lib

Naples, FL
Joined March 2011
Photo by Hyppolite Nathanael (@lemodel9)Photo by Hyppolite Nathanael (@lemodel9)Photo by Hyppolite Nathanael (@lemodel9)Photo by Hyppolite Nathanael (@lemodel9)Photo by Hyppolite Nathanael (@lemodel9)Photo by Hyppolite Nathanael (@lemodel9)Photo by Hyppolite Nathanael (@lemodel9)Photo by Hyppolite Nathanael (@lemodel9)
Hyppolite Nathanael retweeted
Replying to @ActuFoot_
Je peux citer 10 top joueurs mondiaux qui n’arrivent pas à faire ce contrôle
1
402
Hyppolite Nathanael retweeted
Replying to @ActuFoot_
Ce mec est l'incarnation du foot
1
2
1,693
Hyppolite Nathanael retweeted
Replying to @ActuFoot_
Toujours meilleur que 3/4 des joueurs actuels
1
39
3,672
Hyppolite Nathanael retweeted
Replying to @etzeremile
@etzeremile nan ki nivo w santi misye ka itil peyi a si w ta rive prezidan? Eske w eseye apwoche w de moun konsa? Si non, poukisa?
Pou moun ki t ap vide vant yo sou dènye X Bukele a. 👇👇👇
1
1
1,534
Hyppolite Nathanael retweeted
Pèp ayisyen, Dessalines te libere Ayiti, men kèk moun ki te bò kote l te trayi l epi touye l. Moun ki te sanble avè l, ki te pale menm lang avè l, men ki pa t gen menm prensip avè l. Se te trèt ki t ap chèche sèlman avantaj pèsonèl yo, e ki te plonje Ayiti nan plizyè jenerasyon soufrans ak mizè. Trèt sa yo toujou egziste ann Ayiti. Yo pa eritye Dessalines, yo se eritye trèt ki te asasinen l yo e ki te detwi eritaj li. Genyen ki manm gang, gen lòt ki finanse gang yo oswa ki ba yo zam, e gen kèk ladan yo k ap fè tout sa yo kapab pou anpeche pèp ayisyen an jwenn libète li. Wi, anpil etranje te piye Ayiti, men anpil Ayisyen te fè menm bagay la tou. Yo te kolabore ak etranje sa yo, sèvi ak zam yo, vann dwòg yo, kontwole teritwa pou yo, epi fè pèp la sibi soufrans moun pa menm ka imajine. Èske nou panse etranje sa yo t ap kapab fè tout bagay sa yo san èd moun sa yo? Kiyès k ap lonje zam sou nou? Kiyès k ap touye moun nou renmen yo? Kiyès ki vòlè kay nou ak byen nou yo, si se pa menm kalite bandi trèt ak sa yo ki te trayi epi asasinen Dessalines? Nou kapab ede nou bat yo, men nou pa anvayisè. Nou se moun ki gen kouraj menm jan ak nou. Fòk nou leve kanpe, reprann kontwòl kominote nou yo, epi mete moun k ap fè nou sibi tout doulè sa yo, tout soufrans sa yo, anba kontwòl nou. N ap la menm bò kote nou. N ap ede nou reprann peyi nou anba men trèt ki trayi eritaj Dessalines yo. Epi, finalman, Ayiti ap lib.
3,844
10,468
1,417
60,043
3,203,417
Hyppolite Nathanael retweeted
Konsa mwen ta swete sa rive fèt wi nan tout peyi wi franchman nou soufri twòp 🥹🥹 @AdoAdo02 @jaykovinht @MrIncrediBleHT_ @jayden5099 @TecoraJahya @Alexis_kency15 @Zetwal_Divin7
Pèp ayisyen, Nou prèske fin deplwaye sòlda nou yo ak ekipman nou yo sou tè Ayiti. Sa a se pa yon operasyon kont pèp ayisyen an, ni yon envazyon peyi Ayiti. Nou pa yon gwo pisans. Nou pa gen okenn enterè ni pou nou vin domine pèp ayisyen an, ni pou nou mete men sou richès Ayiti. Nou se yon peyi modès k ap devlope. Sèl sa nou vle, se pou kat teknisyen avyasyon nou yo tounen lakay yo. Epi n ap bay gang yo yon leson, gang sa yo k ap fè pèp ayisyen an soufri, ki touye moun pèp la renmen yo, k ap anpeche l viv yon lavi nòmal, lib, san laperèz. Se prèske nou menm sèl k ap peye pou operasyon sa a. Menmsi nou resevwa yon ti èd lojistik nan men kèk lòt peyi, se ak pwòp ti kès nou n ap kouvri 90% nan depans yo. Sa koute nou chè, men nou te aprann nan pwòp soufrans nou: jistis ak lapè pa gen pri. Nou te pase nan menm soufrans Ayiti ap travèse jodi a. Nou te viv yon beny san ki te pi terib toujou pase sa pèp ayisyen an ap sibi kounye a. Nou konnen sa sa vle di: viv nan laperèz, pa fè politisyen konfyans, pa kwè okenn moun ki pwomèt l ap ede w. Paske pèsonn pa t vin ede nou, e moun ki te vini yo pa t gen bon entansyon nan kè yo. Men nou te rive chape anba sa. Apre 200 lane soufrans, finalman n ap viv nan lapè, e jodi a nou se peyi ki gen plis sekirite sou kontinan an. Nou pa vin ann Ayiti pou nou touche lajan, paske pèsonn pa peye nou pou sa. Nou vin ann Ayiti pou nou goumen kont mechan yo. Men sa m ap mande nou: fè nou konfyans, lapriyè sèl vrè Bondye a, epi mande L pou L geri Ayiti. “Lè sa a si pèp ki pote non m lan lapriyè nan pye m, si yo soumèt devan mwen, si yo pran chache m ankò, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fè yo, m'ap tande yo nan syèl kote m ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fè peyi a kanpe ankò.” 2 Kwonik 7:14 Ede nou ede Ayiti. Epi lè misyon nou an fini, n ap tounen lakay nou. Petèt jenerasyon Ayisyen k ap vini yo ap sonje nou kòm zanmi ki te vin ede yon lè.
3
34
136
5,110
Hyppolite Nathanael retweeted
Lè n ap site pi bon rapè lakay nou, m souvan wè non K-Lib pa nan top oubyen lis yo… Banm fè yon ti rapèl pou nou sou non sa n m wè n souvan ap bliye a, pou kòmanse se youn nan rapè lakay nou ki metrize figi estil yo pi byen. E se paske l pa yon nèg ki djòlè ki fè l pa nan vante l pi “konn Ekri” an tou Ak Mystic 703, li gen 2 albòm: “Nou nan lakou a“ ak “ Décennie “ . Ak Ouragan, li gen “KO“… epi Ajoute maxi-tape “Mes Tourments“, albòm “ Revolution “ ak West-I Music Group, epi 2 albòm solo l yo, « L’Apostat » ak « Pou Listwa », san konte plizyè lòt mizik senp. Nou konn sa k bèl nan tout sa m sot di la yo, se sèl “ Revolution “ an miche pa pwodwi, wi jan n tande a K-lib se yon pwodiktè ak beatmaker tou.. Lè w gad modèl pakou sa, gen ase travay pou non l jwenn plas li nan diskisyon n yo. Nou ka pa gen menm top, men nou pa ta dwe bliye sa l pote nan rap kreyòl la. Ps : m manke bliye di n tou se sèl grenn rapè lakay nou ki drible ak tou 2 pye l Kreyòl/Fransè 🌎adoado7.com
Bagay top rapè sa Kleb K-fe fè an se yon gagòt wi lol
9
12
4
68
3,320
Hyppolite Nathanael retweeted
🌟 Melchie Dumornay est 4e au Ballon d’Or 2026 ! La fierté de toute l’équipe et de ton pays, Haïti. 🇭🇹❤️ #BallonDor
55
505
80
2,848
52,036
Hyppolite Nathanael retweeted
Melchie Daëlle Dumornay. A woman from Haiti. Top 4 in the Ballon d’Or. Man, just sit with that for a second. One of our own has forced her name into football’s highest conversation through pure talent, work and brilliance. So proud of her. So proud of what she represents.🇭🇹
1
91
2
298
6,515
Hyppolite Nathanael retweeted
K-lib tèlman fò man!
??????? Tankou yon sèk yo trase ki pa gen kote😆🎶 Menm jan ak yon labouyi cho, fòk ou pran l sou kote🎶🤭 Pou w konprann Ayiti fòk ou ta pase sou kote🎶🎤🤭 Fòk ou ta konprann moun sa yo, yo mete sou kote🤷🏾‍♂️😅 Sou kote🎶🎤 Sou kote🎤 Poukisa misye pa t fè video menm😆
8
3
1
36
3,135
Yon ti jès ka ede sove lavi Maeva. ❤️ Maeva se yon timoun 2 zan ki soufri maladi èni nan lonbrik. Li bezwen yon operasyon an ijans. Chak goud konte. Ann ede l ansanm. 🙏🏽 MonCash: 36585891 NatCash: 40890845 Non: Bénila Noël Mèsi pou chak kontribisyon. ❤️
1
144
9
95
6,618
Hyppolite Nathanael retweeted
Adlibs Wendyyy yo son lot Vibe 😩🤌🏾 Piti map tuju ANVAN ( WOUH 😤 ) Menm si se AN JWÈT ( MENM POU BLAG😐) Pa janm f ANGRAN ( NON 🙄) Si non map ANTRE W ( VWALA 🫢 ) Madanm u ANCHALÈ ( LI CHO🥵) Li tcheke m AN KACHÈT ( SAW FÈ L 🫣) M met pye l AN X ( UI🦦) M fèl rele ANMWEEEEEY ( WOUU🫨)
8
49
4
266
5,821
Hyppolite Nathanael retweeted
Je commence ces pages avec l’envie d’apprendre à mieux préserver ma paix et mon énergie. 🤍
15
40
5
421
28,391
WENDYYY SE PI PLIS PASE YON RAPÈ KOMÈSYAL. SE YON ATIS KI KONN VANN TOUT DIMANSYON LI YO. Wendyyy beyond commercial! Chak album li soti, li vann yon pati nan tèt li, yon pati nan atistik li. E se youn nan bagay ki fè mwen konsidere l kòm yon atis ki gen yon dimansyon anpil moun poko fin dekouvri. 1 )Pou mwen, Wendyyy se youn nan rapè ki konn eksprime lanmou pi byen. Lè w pran Lento, M’Aprann, Pa K Viv Avè l, Se Pa Pou Dat, Bonnie and Clyde, Pou Ou, Sans Condition ak Crush La, ou jwenn yon atis ki konn pale de lanmou, atachman, vilnerabilite ak relasyon amoure. 2) Li se yon Frik Li ka yon frik, yon nèg ki pale de dezi, seksyalite ak relasyon ant gason ak fanm. Nan mizik tankou All on Me, Jan w Renmen l Lan, Manipilasyon, Livrezon, ou dekouvri yon lòt fas li. Men, lè li deside pale pou peyi a, se yon lòt dimansyon ankò. Ayibobo, Se Pa Lè Pou Kay Blan, Ap Gen Yon Lòt Dat ak ASE montre li kapab mete reyalite sosyal, refleksyon ak kesyon ki depase senp amizman nan mizik li. Lè w antre nan Konseye, Frankétienne, Two Ta, Okay ak Stoïcien, ou jwenn yon Wendyyy ki mande plis atansyon nan men moun k ap koute l. Gen jwèt mo, referans, lide ak refleksyon ki merite plis pass yon senp tande . Li montre nan ki pwen li kiltive a travè referans kiltirèl li tou. Epi se la bagay la vin enteresan. Traka se yon pati nan istwa anpil nan premye fanatik Wendyyy yo. Se youn nan aspè atistik li yo ki make yo anpil. Se sa ki fè, chak fwa li soti yon pwojè san Traka, w ap toujou jwenn fanatik k ap mande l pou li Lè w tande yon mizik ki chaje ak gwo mo, jwèt lespri ak refleksyon, ou ka rekonèt Traka. Men, se pa paske Traka diferan de Wendyyy nan sans li se yon lòt moun; se paske Wendyyy rive kreye yon idantite atistik apa pou dimansyon sa a. Se sa ki fè mwen di, si w pa konsome Wendyyy toutbon, si w pa pran tan pou w antre nan katalòg li, ou ka pase akote yon gwo pati nan atis li ye a. Ou ka konnen hit yo, chante mizik damou yo, danse sou mizik ki pi komèsyal yo, epi toujou pa dekouvri tout sa li pote nan ekriti, nan refleksyon ak nan fason li konstwi diferan pèsonaj li yo. Epi mpanse li bèl lè yon atis ka kreye e pwopoze olye mache chèche hit ki k rive denatire modèl atis ou ye o fon an. @carelpedre & @djk9_ kom se nou ki ouvri deba a
11
65
10
188
3,861
Hyppolite Nathanael retweeted
Men ki sa OURAGAN MYSTIK 703 voye m di m egri yo 💯
4
53
1,282
Hyppolite Nathanael retweeted
Mèsi pou pasyans ou Alpha Al enjoy ou #Bèlajwè🤎 Itunes : itunes.apple.com/album/id681… Spotify: open.spotify.com/album/5Bljs… Audiomack: audiomack.com/thelofamousthe… YouTube : youtube.com/playlist?list=PL… 🤎🤎🤎🤎🤎🤎🤎🤎🤎🤎🤎🤎🤎🤎🤎
15
153
21
320
6,636
Hyppolite Nathanael retweeted
Thelo- Pwomès feat L-won out now on YouTube youtu.be/8Yorr72COls?si=TOvn…
19
142
33
415
9,369
Hyppolite Nathanael retweeted
Li klè wi, li rete otantik a limenm li sonnen Wendyyy li rete Wendyyy, flow, lyrics, Skills li rete Wendyyy A la fen m panse lapè a, se moun ki chwazi al tande l yo ki dwe fè l, si n pa renmen sa l ap pwodwi ankò yo jis pa focus sou li epi al tande sa n renmen an Osi senp…
14
70
9
240
38,057
Mwen li e ri anpil Jodi a , men sa ki atire atansyon mwen se kritik anpil moun fè sou referans Wendyyy yo . Ann pran ekzanp Franketienne: An reyalite, jèn yo jodi a pa toujou pran tan pou yo li tout bon. Lè yon rapè ki gen enfliyans tankou Wendyyy fè referans ak yon ekriven tankou Frankétienne, se yon bèl okazyon pou ankouraje jèn yo pran gou pou lekti tou. Wi, ou ka deja konnen Frankétienne, petèt ou se yon moun ki renmen li depi lontan. Bravo pou ou! Men mesaj la pa nesesèman pou ou. Li plis adrese ak jèn ki pase anpil tan sou entènèt ap li kòmantè, ap diskite, olye yo pwofite resous ki disponib pou yo devlope konesans yo. Mwen panse Wendyyy fè yon bon travay lè li mete Frankétienne nan referans li, paske nou konnen enfliyans atis yo renmen an ka jwe yon gwo wòl nan fason jèn yo panse, nan sa yo dekouvri ak nan sa yo chwazi aprann. Paske lavi pa fèt sèlman ak lajan ak byen materyèl. Konesans, kilti ak kapasite pou w eksprime tèt ou avèk entèlijans gen anpil valè tou. Li enpòtan pou, lè w ouvri bouch ou, moun pa sèlman wè sa ou posede, men tou sa ou konnen, sa ou li ak fason ou reflechi. Lè yon atis sèvi ak enfliyans li pou pouse jèn yo dekouvri literati ak kilti, se yon kontribisyon ki merite apresyasyon. ❤️📚
10
59
5
251
4,971